Absent.
Kèk kalite plant ki anmè anpil e ki gen yon sant ki fò. Nan Bib la, yo itilize mo sa a nan yon sans senbolik pou yo pale de move konsekans imoralite, esklavaj, bagay ki mal ak apostazi genyen. Nan Revelasyon 8,11, “absent” gen rapò ak yon bagay ki anmè e ki gen pwazon. — Pwoveb 5,4; Amos 5,7.
Adiltè.
Yon gason marye oswa yon fi marye k al fè sèks ak yon moun li pa marye avè l. — Eg 20,14; Mt 5,27; Mt 19,9.
Akayi.
Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se te yon pwovens Women yo te genyen ki te nan sid peyi Lagrès, ki te gen vil Korent kòm kapital. Akayi te gen ladan l tou Peloponèz ak pati santral tèritwa peyi Lagrès (Travay 18,12).
Albat.
Se non yon seri ti boutèy pafen ki te fèt ak yon kalite wòch yo te jwenn toupre Alabastron nan peyi Ejip. An jeneral, kou boutèy sa yo te fen e yo te konn met yon bouchon ladan yo pou yo pa pèdi menm yon ti gout nan pafen sa a ki gen anpil valè. Yo te vin rele wòch yo te konn fè boutèy sa yo albat tou. — Mk 14,3





No comments:
Post a Comment