Wednesday, July 27, 2022

ALYANS

Alyans.
Se yon antant oswa yon kontra ant Bondye ak lèzòm, oswa ant de pati pou yo fè oswa pou yo pa fè yon bagay. Pafwa, se yon sèl pati ki te responsab pou l reyalize sa ki nan kontra a (se yon alyans kote yon sèl pati angaje l e an jeneral se yon pwomès). Gende lè tou, se toule de pati yo ki dwe reyalize sa ki nan kontra a (se yon alyans kote de pati yo angaje yo). Anplis de alyans Bondye fè ak lèzòm yo, Labib pale de alyans ki fèt ant moun, ant tribi, ant nasyon oswa ant gwoup moun. Pami alyans ki gen efè ki dire, nou jwenn alyans Bondye te fè ak Abraram nan, ak David la, ak nasyon Izrayèl la (alyans Lalwa a), e ak Izrayèl Bondye a (oswa nouvo alyans lan). — Jen 9:11; 15:18; 21:27; Eg 24:7; 2Kw 21:7.

Friday, July 22, 2022

DIKSYONE BIBLIK: ABSENT

DIKSYONE BIBLIK: ABSENT:   Absent. Kèk kalite plant ki anmè anpil e ki gen yon sant ki fò. Nan Bib la, yo itilize mo sa a nan yon sans senbolik pou yo pale de move k...

ABSENT

 

Absent.


Kèk kalite plant ki anmè anpil e ki gen yon sant ki fò. Nan Bib la, yo itilize mo sa a nan yon sans senbolik pou yo pale de move konsekans imoralite, esklavaj, bagay ki mal ak apostazi genyen. Nan Revelasyon 8,11, “absent” gen rapò ak yon bagay ki anmè e ki gen pwazon. — Pwoveb 5,4; Amos 5,7.



  • Adiltè.

    Yon gason marye oswa yon fi marye k al fè sèks ak yon moun li pa marye avè l. — Eg 20,14; Mt 5,27; Mt 19,9.


  • Akayi.

    Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se te yon pwovens Women yo te genyen ki te nan sid peyi Lagrès, ki te gen vil Korent kòm kapital. Akayi te gen ladan l tou Peloponèz ak pati santral tèritwa peyi Lagrès (Travay 18,12).



  • Albat.

    Se non yon seri ti boutèy pafen ki te fèt ak yon kalite wòch yo te jwenn toupre Alabastron nan peyi Ejip. An jeneral, kou boutèy sa yo te fen e yo te konn met yon bouchon ladan yo pou yo pa pèdi menm yon ti gout nan pafen sa a ki gen anpil valè. Yo te vin rele wòch yo te konn fè boutèy sa yo albat tou. — Mk 14,3



    • Alfa ak Omega.

      Se non premye ak dènye lèt nan alfabè grèk la. Yo sèvi ak ekspresyon sa a twa fwa nan liv Revelasyon an kòm yon tit pou pale de Bondye. Nan kontèks sa yo, ekspresyon sa a vle di menm bagay ak “premye a ak dènye a” oswa “kòmansman an ak finisman an”. — Re 1,8; 21,6; 22,13.








ASTWOLOG, AZAZEL, AZI

Astwològ. Yon moun ki etidye mouvman solèy la, lalin nan ak zetwal yo nan objektif pou l anonse sa k pral rive demen. — Dn 2:27; Mt 2:1. A...