Wednesday, July 27, 2022
ALYANS
Alyans.
Se yon antant oswa yon kontra ant Bondye ak lèzòm, oswa ant de pati pou yo fè oswa pou yo pa fè yon bagay. Pafwa, se yon sèl pati ki te responsab pou l reyalize sa ki nan kontra a (se yon alyans kote yon sèl pati angaje l e an jeneral se yon pwomès). Gende lè tou, se toule de pati yo ki dwe reyalize sa ki nan kontra a (se yon alyans kote de pati yo angaje yo). Anplis de alyans Bondye fè ak lèzòm yo, Labib pale de alyans ki fèt ant moun, ant tribi, ant nasyon oswa ant gwoup moun. Pami alyans ki gen efè ki dire, nou jwenn alyans Bondye te fè ak Abraram nan, ak David la, ak nasyon Izrayèl la (alyans Lalwa a), e ak Izrayèl Bondye a (oswa nouvo alyans lan). — Jen 9:11; 15:18; 21:27; Eg 24:7; 2Kw 21:7.
Subscribe to:
Post Comments (Atom)
ASTWOLOG, AZAZEL, AZI
Astwològ. Yon moun ki etidye mouvman solèy la, lalin nan ak zetwal yo nan objektif pou l anonse sa k pral rive demen. — Dn 2:27; Mt 2:1. A...
-
Astwològ. Yon moun ki etidye mouvman solèy la, lalin nan ak zetwal yo nan objektif pou l anonse sa k pral rive demen. — Dn 2:27; Mt 2:1. A...
-
Ane Liberasyon. Li te konn fèt chak 50 an, soti nan ane Izrayelit yo te antre nan tè Bondye te pwomèt yo a. Nan ane Liberasyon an, tè a te ...
-
Apostazi. Nan lang grèk la, mo sa a (apostazya) soti nan yon vèb. Yon fason literal, li vle di: “rete lwen”. Non an gen sans: “kite, abandon...

No comments:
Post a Comment