Sunday, August 7, 2022

ASTWOLOG, AZAZEL, AZI

Astwològ. Yon moun ki etidye mouvman solèy la, lalin nan ak zetwal yo nan objektif pou l anonse sa k pral rive demen. — Dn 2:27; Mt 2:1.
Azazèl. Yon mo ebre ki petèt vle di: “Bouk kabrit ki disparèt la”. Nan jou Pirifikasyon an, yo te konn voye bouk kabrit ki pou Azazèl la nan dezè a, sa ki te vle di li ale ak peche nasyon an te fè nan ane ki sot pase a. — Levitik 16:8, 10.
Azi. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se non yon pwovens nan Anpi women an ki gen ladan l pati lwès peyi yo rele Tiki jodi a, san wete kèk zile ki toupre a, tankou Samòs ak Patmòs. Se Efèz ki te kapital li (Travay Apot yo 20:16; Apokalips 1:4).

Wednesday, August 3, 2022

APOSTAZI, APOT, ARAM (ARAMEYEN, MOUN ARAM), AREYOPAJ.

Apostazi. Nan lang grèk la, mo sa a (apostazya) soti nan yon vèb. Yon fason literal, li vle di: “rete lwen”. Non an gen sans: “kite, abandone oswa rebelyon”. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo itilize mo “apostazi” a sitou pou yo pale de moun ki kite vrè adorasyon an. — Pw 11:9; 2Te 2:3.
Apot. Premye sans mo sa a nan lang orijinal la se “moun yo voye”. Yo sèvi avè l pou yo pale de Jezi ak kèk moun yo te voye pou sèvi lòt moun. Yo plis sèvi avè l pou yo pale de disip Jezi te chwazi pèsonèlman yo e ki te nan gwoup 12 reprezantan li te chwazi yo. — Mk 3:14; Tr 14:14.
Aram; Arameyen; Moun Aram. Se desandan Aram, pitit gason Sèm ki te sitou viv nan tèritwa ki te soti mòn Liban yo pou rive jis nan Mezopotami e ki te soti nan zòn nò mòn Toris yo pou rive jis Damas e jis nan zòn ki nan sid Damas. Zòn sa a, ki te gen non Aram ann ebre, te vin rele Siri pi devan, e yo te rele moun ki abite nan zòn sa a Siryen. — Jen 25:20; Dt 26:5; Oz 12:12.
Areyopaj. Se te yon ti mòn nan vil Atèn ki te nan nòdwès Akwopòl. Se konsa tou yo te rele pi gwo tribinal ki te konn reyini kote sa a. Gen kèk filozòf ki t ap suiv ansèyman Epiki yo ak ansèyman Zenon yo ki te mennen Pòl nan Areyopaj la pou l pale de kwayans li. — Tr 17:19.

Monday, August 1, 2022

ANE LIBERASYON, ANSYEN (GRANMOUN GASON), ANTIKRIS.

Ane Liberasyon. Li te konn fèt chak 50 an, soti nan ane Izrayelit yo te antre nan tè Bondye te pwomèt yo a. Nan ane Liberasyon an, tè a te dwe ret ap repoze epi yo te dwe libere esklav ki Ebre yo. Si yon moun te vann tè l te eritye a, yo te dwe remèt li tè l. Nan yon sans, ane Liberasyon an te yon ane fèt, yon ane libète ki te fè nasyon an retounen vin jan l te ye lè Bondye te fèk fè yo vin yon nasyon an. — Levitik 25:10.
Ansyen; Granmoun gason. Ekspresyon sa yo fè referans ak gason ki granmoun, men, nan Ekriti yo, yo sèvi avèk yo sitou pou yo pale de gason ki nan yon pozisyon ki fè yo gen otorite e ki gen responsablite nan yon kominote oswa nan yon nasyon. Nan liv Revelasyon an, yo itilize mo ansyen an pou yo pale de kreyati ki nan syèl la. Mo grèk presbitewòs la, lè yo tradui l ki bay ansyen an, fè referans ak moun ki pran latèt nan kongregasyon an. — Egzod 4:29; Pwoveb 31:23; 1Timote 5:17; Apokalips 4:4.
Antikris. Mo grèk sa a gen de sans. Li fè referans ak sa ki kont Kris. Li fè referans tou ak yon fo Kris, sa vle di yon moun ki nan plas Kris. Kèlkeswa moun, òganizasyon oswa gwoup ki pretann yo reprezante Kris oswa ki di yo se Mesi a, oswa ki opoze ak Kris ansanm ak disip li yo, yo ka rele yo antikris san pwoblèm. — 1Jan 2:22.

ASTWOLOG, AZAZEL, AZI

Astwològ. Yon moun ki etidye mouvman solèy la, lalin nan ak zetwal yo nan objektif pou l anonse sa k pral rive demen. — Dn 2:27; Mt 2:1. A...